Ocls-blog logo

Fè timoun ou yo aprann pandan tout vakans ete a avèk Pwogram Lekti Ete a

Fè timoun ou yo aprann pandan tout vakans ete a avèk Pwogram Lekti Ete a

Byento Lekòl pral fèmen, epi elèv yo pral jwi vakans ete yo. Pandan ke vakans ete a se yon bon moman pou yo pran plezi ak detann, konsa tou li kapab fè yo pèdi sa yo te aprann pandan lane lekòl la. Ki pi bon fason pou ede pitit ou yo kenbe ladrès akademik ak konesans yo te aprann pandan ane lekòl la? Li trè fasil pase sa ou ta ka panse! Jis li 20 minit chak jou.

Rechèch akademik montre lè yon ti moun fè lekti pou 20 minit chak jou, timoun sa-a gen yon benefis sibstansyèl sou tou lòt timoun. Yo ekspoze a plis mo, ki ede yo devlope vokabilè ak ladrès langaj yo. Li amelyore tou devlopman mantal, ladrès pou tande epi kreye abitid pou siksè akademik nan lekòl yo. Lekti se yon bagay amizan, li montre timoun yo kòman pou yo itlize imajinasyon yo epi dekouvri nouvo bagay sou mond lan. Lè ou fè lekti pou 20 minit chak jou avèk timoun ou, sa ba-ou yon opòtinite pou pase bon jan tan ak pitit ou yo. Sa a ede yo kreye yon relasyon pozitif avèk liv yo e fason yo aprann.

 

 

Ou ka kòmanse avèk yon woutin-n lekti chak jou lè ou anrejistre pitit ou nan Pwogram Lekti Ete bibliyotèk la. Vinn pran plezi w avèk nou pandan vakans ete a pandan ke nou pral aprann de diferan animo nan Florid avèk kont folklo eksepsyonèl. Ane sa a, nou gen yon objektif kolektif pou nou li yon milyon minit ansanm, e ou ka ede nou fè sa. Nou ap bay timoun ak adolesan ki gen ant (0 a 17 tan) defi pou yo li 20 minit chak jou pandan ete a. Tout moun ki li yon total de 300 minit ap resevwa yon ti sak kado ki plen ak sipriz.

Tout moun ki fini 600 minit yo ap gen yon chans pou yo genyen yon gran prim enteresan. Na fè kado bisiklèt, òdinate pòtab, jwèt, kat kado e plis ankò!

Pwogram Lekti Ete a ofri tou pwogram vityèl gratis, twous aktivite, klass sou entènet ak evènman an dirèk pou ede konbat konesans ke timoun yo pèdi pandan vakans ete a. Fè timoun ou yo aprann pandan tout vakans ete a, konsa ya va byen komanse lè yo retounen lekol.

Pwogram Lekti Ete ap komanse a pati de 30 Me jouk rive 1 Daou 2021.

Men kijan ou ka komanse:

  • Chwazi kèk bon liv pou li nan lis liv Lekti Ete nou an.
  • Fè lekti o mwen 20 minit chak jou.
  • Inskri pou Beanstack e anrejistre minit ou yo sou entènet ou byen itilize paper reading tracker a.
  • Pran yon twous aktivite nan branch bibliyotèk ou a pou ka fè lakay ou, oubyen fè defi entèresan ki sou Beanstack yo.
  • Anrejistre sou entènet pou pwogram, klas ak evènman kap vini yo.
  • Vizite ocls.info/srp pou plis enfomasyon.

Wap bezwen yon kat biblyotèk pou ka anrejistre pou evènman vityel yo, e pou ka kalifye pou genyen prim. Inskri pou yon kat jodi-a e fè tout posib ou pou pa rate yon moman nan anbyans lan!